Enfòmasyon pou enskripsyon elèv
Sa a se yon tradiksyon Sunfire High School fè, lekòl la poko revize l. Se pa yon tradiksyon ofisyèl distri a. Dokiman ofisyèl la an Angle.
Prèv kote ou abite
Prèv adrès la nesesè pou asire elèv la enskri nan lekòl yo asiyen l la; men li pa la pou anpeche elèv la enskri. Si paran an pa ka bay dokiman yo touswit, lekòl la ap enskri elèv la tanporèman. Paran an dwe bay tout dokiman yo nan trant (30) jou.
Tout dokiman yo dwe ajou, valid, epi yo dwe gen adrès yo itilize pou enskripsyon an.
- Si kay la se POU OU oswa ou LWE l: bay yon dokiman nan Kolòn A ak yon dokiman nan Kolòn B.
- Si ou PATAJE kay yon lòt moun ki mèt kay la oswa ki lwe l: paran k ap enskri a ak mèt kay la ranpli yon Afidavi sou lojman moun pataje ki notarye; mèt kay la bay yon dokiman nan Kolòn A ak yon dokiman nan Kolòn B; paran an bay de dokiman nan Kolòn B.
- Si ou reponn “wi” pou kèk kesyon sou lojman nan Fòm Enskripsyon an, elèv la ka kalifye pou Pwogram Edikasyon pou Moun San Lojman (HEP) anba lwa McKinney-Vento. Lekòl la ap refere ou bay moun distri a ki responsab pwogram nan. Elèv ki enskri anba lwa sa a dwe re-enskri chak ane.
Kolòn A
- Bil taks pwopriyete
- Kat ekzansyon taks pwopriyete (homestead)
- Papye kay
- Relvedkont ipotèk
- Kontra acha pwopriyete
- Kontra lwaye notarye
Kolòn B
- Bòdwo sèvis piblik (kouran, dlo, fatra)
- Bòdwo telefòn oswa selilè
- Lèt asosiyasyon pwopriyetè oswa kondominyòm ki verifye ou se lokatè
- Fòm Deklarasyon Domisil Depatman Achiv Konte a
- Lisans chofè Florid
- Kat idantifikasyon Florid
- Rejistrasyon machin
- Asirans machin
- Etadkont kat kredi
- De etadkont labank youn dèyè lòt
- Konfimasyon Lapòs Etazini pou chanjman adrès
Dosye lekòl (si ou genyen)
- Bay dènye kanè ak/oswa relvednòt (transcript) pou plase elèv la nan bon klas; oswa,
- Ranpli yon fòm otorizasyon epi lekòl la ap mande dosye yo nan ansyen pwogram edikasyon yo.
Egzamen medikal
Elèv k ap enskri pou premye fwa nan yon lekòl piblik Florid dwe bay prèv yon egzamen medikal ki fèt nan douz (12) mwa anvan enskripsyon an.
Prèv vaksen
Bay Sètifika Vaksen Florid (fòm DH 680). Elèv yo ka ale lekòl san li si yo genyen:
- Egzanpsyon relijye (fòm DH 681)
- Egzanpsyon tanporè (fòm DH 680, Pati B)
- Egzanpsyon medikal (fòm DH 680, Pati C)
- Egzanpsyon tanporè 30 jou direktè a bay pou elèv k ap transfere soti lòt distri
Prèv laj
Bay yon prèv laj elèv la, nan lòd sa a:
- Batistè/sètifika nesans ofisyèl
- Sètifika batèm, ak yon afidavi paran an sèmante
- Polis asirans lavi timoun nan, ki an vigè depi omwen de ane
- Dosye relijye sou nesans timoun nan, ak yon afidavi paran an sèmante
- Paspò oswa sètifika arive Ozetazini ki montre laj timoun nan. NÒT: Anplwaye lekòl yo p ap janm mande paspò, viza oswa okenn dokiman pou verifye estati imigrasyon yon elèv.
- Dosye lekòl ki montre laj timoun nan omwen kat ane anvan aplikasyon an
- Yon afidavi paran an sèmante, ak yon sètifika laj yon ofisyèl sante piblik oswa yon doktè ki gen lisans siyen
Lòt enfòmasyon
- Afidavi moun k ap aji kòm paran: si elèv la pa abite ak yon paran oswa gadyen legal, yo dwe ranpli yon fòm notarye lekòl la ap revize.
- Lekòl la gen dwa verifye nenpòt enfòmasyon yo ba li.
- Si yon paran bay fo enfòmasyon pou elèv la ale nan yon lekòl yo pa asiyen l, y ap retire elèv la touswit epi li dwe enskri nan lekòl zòn li.
- Nenpòt moun ki fè yon fo deklarasyon alekri pou twonpe yon anplwaye piblik koupab yon deli dezyèm degre (F.S. 837.06) oswa koupab fo sèman alekri, yon krim (feloni) twazyèm degre (F.S. 92.525).